Kijan pou m verifye yon peman MonCash apre kliyan an retounen sou sit mwen?
posée 4 months ago381 vuesht
Lè kliyan an fin peye, MonCash voye l sou URL retou mwen an ak yon transactionId. Èske m ka jis make kòmand lan kòm peye lè m wè paramèt sa a?
Diagnostic IA
Généré par IA. Ce n'est pas une réponse — la communauté ci-dessous le confirme ou le corrige. Vérifiez toujours avant de vous y fier.
1 réponse
Non, pa janm. Paramèt ki nan URL la soti nan navigatè kliyan an, e nenpòt moun ka ekri ?transactionId=123 nan ba adrès la. Si w make kòmand lan peye sou baz sa a, nenpòt moun ka "achte" gratis.
Sa pou w fè: pran transactionId la, epi mande MonCash dirèkteman (sèvè a sèvè) pou detay tranzaksyon an:
const r = await fetch(MONCASH.api + "/v1/RetrieveTransactionPayment", {
method: "POST",
headers: { Authorization: "Bearer " + (await moncashToken()), "Content-Type": "application/json" },
body: JSON.stringify({ transactionId }),
});
const { payment } = await r.json();
Apre sa, verifye 3 bagay anvan w livre:
payment.messagese "successful".payment.reference(seorderIdou te voye a) koresponn ak yon kòmand ki egziste nan baz done w.- Montan an (
payment.cost) egal ak total kòmand lan. Pa aksepte yon peman 5 goud pou yon kòmand 5 000 goud!
Si kliyan an pa janm retounen (li fèmen navigatè a), ou ka toujou verifye pa orderId ak /v1/RetrieveOrderPayment. Sa itil pou yon travay otomatik (cron) ki tcheke kòmand ki rete "an atant".
Connectez-vous pour dire si ça a marché.
Sign in and verify your email to post an answer.